Dr. H.C. Moïse Jean Charles

88 Voos
Dr. H.C. Moïse Jean Charles

Dr. H.C. Moïse Jean Charles

@SenateurMoise

Compte tweeter officiel Homme politique - engagé pour l'émergence de la Republique d'Haiti ex; Maire, conseiller présidentiel, Senateur. #JISKOBOU #PPPD

Se esta é sua conta, você pode reivindicar este perfil.

Haitiwww.moisejeancharles2016.comIngressou em março de 2026
PITIT DESSALINES CON CUBA! 🇭🇹🇨🇺 Fiel al ideal de nuestro Padre Fundador J.J. Dessalines, denunciamos el bloqueo criminal contra el pueblo hermano de Cuba. ¡La soberanía de los pueblos del Caribe no se negocia! Haití y Cuba marchan unidos por la dignidad y la libertad. #HaitíConCuba
Pitit Dessalines salye depa Frankêtienne, yon mapou, yon patriyòt, yon konseye ki kite mak li sou tout moun ki te gen chans chita pale ak li de Hayti. Jodi a, pi bèl omaj.nou ka rann li, se rasanble, aplike tout konsèy li yo, pou bati yon lòt Hayti kote tout haysyen ka viv byen.
Pitit Dessalines salye envestiti Prezidan N. Maduro, jodi 10 janvye 2025, pou yon 3yèm manda. Nou swete pèp Venezyelyen an anpil pwogrè sou kòmandman Leta sosyalis la, selon testaman gran liberatè Simon Bolivar, e nan liy politik kòmandan Chàvez. Viv 2 peyi frè ke listwa reyini !
Nou felisite pèp ameriken an ki nan yon ekzèsis ki se baz demokrasi al vote an mas kandida yo vle pou mennen bak peyi yo. Nou konstate ke eleksyon an fèt san enjerans. Nou menm PITIT DESALIN, nou swete menm respè "prensip non enjerans" lan an Ayiti e toupatou nan mond lan.
Jodi 29 dawout la, PPPD te rankontre ak CARICOM sou dosye 3 konseye yo. PPPD demontre pa gen koripsyon, se pito yon kanpay denigreman (ti gwoup anti chanjman ki pè pèdi avantaj nan BNC, ki pè eleksyon e ki vle echèk konsèy la). PPPD antre ak Lonè, l ap sòti ak Respè!@CARICOMorg
Nou felisite prezidan N. Maduro pou 3zyèm viktwa li nan eleksyon ki dewoule 28 jiyè 2024 la. Matirite politik pèp Venezyelyen an ki rete atache a memwa prezidan Chavez, chwazi estabilite ak kontinwite. Yo pa chanje ekip k ap make pwen! Nou swete prezidan Maduro bòn gouvènans!
Nou pataje doulè moun Okap ki pèdi fanmi ak zanmi nan gwo inondasyon ki frape Nò peyi a «Nen pran kou, je kouri dlo». Moun nan Nò batay anpil pou yon lavi miyò. Nou konfyan ke prezans pitit Nò nan konsèy prezidansyèl la ap pote amelyorasyon nan enfrastrikti yo. Viv yon lòt Ayiti!
Jodi dimanch 17 mas 2024, prezidan Vladimir Poutine ranpòte eleksyon nan peyi Larisi. Pitit Dassalines salye kokenn chenn viktwa sa a ki reprezante 87% vwa, nan premye tou. PPPD kore V. Poutine ki deklare “sous pouvwa nan peyi a se pèp Ris la”. Pèp ki bay pouvwa! @Russia
Nou aprann gen dekesman k ap fèt nan kès Leta pou de montan k ap fin seche kès peyi a. Nou lanse yon pinga bay tout minis ilegal k ap jere afè kouran ak finans peyi a. Pèp souvren pral mande règlemann kont sou jesyon gouvènman defakto a. Piyay la fini! Fòk pèp la respire!
Pati Politik Pitit Dessalines voye kondoleyans li bay fanmi Senatè Paul Denis, ki kite nou bridsoukou, jodi 11 mas 2024 la. Lanmò sibit sa a ap kite yon vid nan mitan fanmi Denis ak manm pati politik INIFÒS ke l t ap dirije. PPPD koube l byen ba devan kadav Senatè P. Denis!
8 Mas, Jounen dwa fanm! Fanm peyi m, fanm toupatou nan mond lan...menm konba pou libète pitit latè. Depi lendepandans jouk sou kanal diyite a, nou rete kanpe djanm. Se nou ki sous tout viktwa ki pou fè la vi boujonnen. Kontinye defann dwa nou pou yon sosyete ekilibre. BON KONBA!
Ariel Henry pat janm gen lejitimite, men depi 7 fevriye 2024, se yon ilegal ki pa gen dwa pou angaje Ayiti. Nou pitit Dessalines, mande tout peyi etranje pou yo pa konplis nan zak ilegal. Nou mande Kenyan yo, pou pa vyole konstitisyon peyi yo, ni patisipe nan konplo kont Ayiti.
Wi Ayiti kraze! Pa gen enstitisyon donk pa gen Leta! PEYI=LETA Pawòl sa yo gaye tout la jounen sou rezo a; men kou se mwen ki di l, li fè tole bò kote nèg sistèm yo. Ki donk, m asime pozisyon m, pawòl mwen ak kapasite m pou m rekonstwi Ayiti ki kraze a. Nou te poze pyon pou sa!
Nou akeyi desizyon otkou jistis Kenya a avèk satisfaksyon. Se yon viktwa pou Ayisyen ki kanpe anfas prezans fòs etranje sou tè Libète a. Yon viktwa diplomatik, jewopolitik e gen lòt viktwa nan wout. Fòs legal nou yo gen kapasite pou konbat ensekirite a, volonte ki pou genyen.
Nan respè liy PPPD, nou pa patisipe nan rankont ak Entènasyonal la sou kriz peyi a. Ayisyen pa gen pou chita ak etranje pou deside pou Ayiti. Se yo ki kreye ak jere kriz la. 18 Novanm nou te renouvle apèl pou Ayisyen chita ansanm. Si yo pa vini, nou pwal jwenn yo.
Toujou nan kad batay diplomatik pou soti Ayiti nan katchoubonbe li ye a, yon delegasyon Pitit Dessalines pral pase 7 jou nan peyi Larisi, sou envitasyon gouvènman Ris la. N ap pwofite rankontre delegasyon Afriken an sou dosye Ayiti. Jodi a, relasyon Ayiti ak Larisi vin pi soude.
Jodi 17 oktòb, dat anivèsè lanmò papa nasyon an dwe yon jounen refleksyon sou oryantasyon nou, pitit Desalin ak Ayisyen konsekan, vle bay peyi a, pou wete l nan twou enmi chanjman yo lage l. Pèp Wanament trase chemen delivrans lan, sila ki konprann dwe rasanble pou swiv yo. KPK
Nou denonse e kondane difamasyon yon gwoup medya ak òm politik Dominiken, mete ak boujwa plis kèk medya Ayisyen ap fè sou rezo a kont oryantasyon politik, nou Pitit Dessalines, paske yo panike. Konplo sa a ak sipò anbasad yo p ap pase. Nou rete fèm sou chwa ideolojik nou. KPK.
Nan kad batay diplomatik m ap mennen an, m kite peyi a pou 11 jou. M ap pase Kiba, Venezyela, Tiki pou bout Larisi Etazini ak gouvènman defakto a te minimize pwa gewopolitik/diplomatik peyi Dayiti ak pitit Desalin yo genyen sou plan entènasyonal. Yo paka fè sa yo vle ak nou ankò
Nan kad pwogram fòmasyon pou jenès inivèsitè a, Pitit Dessalines anonse disponiblite bous detid pou elèv ki lorea nan ekzamen ofisyèl Leta. Enterese yo ap kontakte reprezantan PPPD nan depatman yo ou byen rele nan # 3152-8193. LEDIKASYON SE BAZ DEVLÒPMAN.
Nan non Pitit Desalin, m di moun Wanament mèsi pou akèy yo ban m nan vizit solidarite m te fè a. N ap pouswiv solidarite n nan kontribisyon PPPD ap bay pou fini ak konstriksyon kanal rivyè masak la prese prese, epi kòmanse ak konbit plante a, pou retire vant nou lan men vwazen.
Nou aprann ak anpil la penn lanmò ikòn près Ayisyèn nan, prezantatris jounal 4 trè a. Liliane, vwa w te akonpanye pèp Ayisyen pandan l t ap ekri paj enpòtan sou wout demokrasi. W ap rete nan lespri n. Nou dedye w rès wout ki dwe debouche sou nouvèl Ayiti a. Bon travèse Lili !
PPPD konstate avèk anpil indiyasyon kòman popilasyon an livre san sekirite, san sekou, ni bò kote gouvènman iresponsab la, ni bò kote zòt k ap sipote l yo. PPPD kondane zak represyon ki fèt sou refijye devan anbasad meriken an. Pèp la konnen kote pou l plenyen soufrans li!
Jodi 7 Jiyè 2023 fè 2 zan depi yo asasinen Prezidan Jovenel anndan lakay li. Lajistis peyi a pa fè yon pa nan ankèt li, ale wè pou l ta mete men sou asasen yo. Okenn krim pa dwe rete enpini. Tout viktim dwe jwenn jistis. Pa gen sosyete san jistis, ni la pè san jistis sosyal.
Nou voye senpati n pou tout ayisyen ki viktim dega inondasyon yo. Nou fache anpil lè n sonje kouman lajan petrokaribe ki te dwe remanbre enfrastrikti yo fini nan pòch dirijan enkonsyan. Fòk pèp la ekzije pwosè petrokaribe. Fòk ekzanp trase pou detounman lajan leta fini nan peyi a
Nou koube nou byen ba devan kadav Karl-Udson, jèn gason 30 lane, byen fòme, ki chwazi mach vètyè, nan pye ewo yo pou imole tèt li. Kèlkeswa mesaj ki kache dèyè aksyon regretab sila a, PPPD ap di jenès la, pa moli, kenbe fèm, Ayiti bezwen yo pou rebati l.
Nan okazyon fèt drapo a, PPPD souwete tout Ayisyen isit kou lòt bò dlo, yon bon jounen refleksyon, sou kijan nou ka travay ansanm pou n fete nan inite ak la pè, yon bon fèt drapo, ki chita sou respè dat ak sit istorik yo ki se patrimwan nasyon an.
Pèp Ayisyen! M koube m byen ba pou m salye n. Jan m toujou di, pa gen kanpe. Nou reprann baton pèleren nou pou kontinye pale ak tout peyi ki vle ede Ayiti soti nan katchoubonmbe li ye a. Jodi samdi 18 fevriye a, m kite peyi a pou yon vizit nan peyi Larisi. Nou prale jiskobou!
7 fevriye 1986-7 fevriye 2023, MENM KONBA KONT MENM PWOBLÈM YO. Yon ti minorite k ap detwi yon majorite ki deside kanpe pou Ayiti libere. Yo fè nou kouri kite tè a, men jodi a sa k te an Tiki ap mande tounen. Ann kontinye goumen pou Ayiti ka bon pou tout pitit li. Nou p ap kanpe!
Pèp Ayisyen, Pitit Dessalines an dèy ! Nou aprann ak anpil lapenn, lanmò Makendy D'Haïti, reprezantan Pitit Dessalines nan Léogane. Eskadron lanmò yo etenn souf yon militan konsekan, yon patriyòt. Nou prezante kondoleyans a fanmi, zanmi viktim nan. Ke nanm ni repoze an pè!
Apre aksyon ewoyik moun Wanament fin poze, nou mande tout Ayisyen fè solidarite ak yo pou yo ka reziste. Sila yo ki pran tèt mouvman LÒK la dwe regwoupe yo pou travay ak manm KTPS la sou yon pwogram agrikòl 1 lane an atandan yon plan devlopman dirab. Pa gen Leta. Se nou ki Leta!
Soulèvman 22 dawout la ap pote anpil evènman nan peyi Dayiti. L ap pase pran tout moun ki te mete ansanm pou plonje peyi a nan tchouboum. Apre sanksyon yo, fòk gen yon lòt Leta, yon Leta fò, pou ekzije restitisyon byen yo ak reparasyon pou tout mal zòt fè peyi a. Nou p ap kanpe!
Pèp Ayisyen remèsye peyi Larisi pou respè li toujou montre pou nou ak listwa nou. Larisi se 1ye peyi ki te rekonèt endepandans nou an 1821, epi se 1ye peyi an ewòp ki te fòse lòt Eta devlope komès ak lil Dayiti. Mèsi Larisi pou solidarite w. Nou p ap janm bliye! @AnbasadeLarisi
18 novanm 2022, nou pwal reprann dwa grandèt nou, ke trayizon pitit tè a fè n pèdi. N ap devan BINUH pou n al redi yo, lage peyi nou, lage l. Se yo ki anpeche l mache. Yo kraze agrikilti nou, ekonomi nou, jodi a y ap pèsiste pou vin pyafe ak bòt yo sou tè libète a. Aba enjerans!
El pueblo haitiano agradece al pueblo argentino por la jornada de solidaridad y la manifestación organizada contra la conspiración de las fuerzas imperialistas que incendian y que hoy, quieren convertirse en bomberos. Gracias a Dios, Haití tiene amigos en todo el mundo @isl_lis
Ayisyen sot pwouve le mond li se yon gran pèp: Seremoni Omaj a Mikaben nan, se pi gwo prèv ke fòs nou se nan linyon li ye. Jodi a, mwen pa gen okenn dout sou kapasite n pou n soti nan katchoubonmbe nou tonbe a. N ap jis bay peyi nou, sa nou sot bay Mika a: Lanmou
Jounalis Radyo Zenith Robeste Dimanche, jwenn arestasyon li jodi dimanch 30 oktòb 2022 a, aprè eskadwon lanmò yo fin maspinen l. Li t al kouvri mobilizasyon baz 47 k ap reklame liberasyon 5 militan li. Òganizasyon dwa moun yo dwe envestige sou fo polisye ki anvayi kò polis la.
Aprè disparisyon 3 militan Pitit Dessalines: Rijhonson Dumas, Nicolas Murat, ak Baby, jodi a se eskadron lanmò, fo polisye ki debake nan baz 47, yo kidnape 5 militan PPPD. Nou denonse zak ilegal sa a e ekzije liberasyon yo. Nou rann Ariel responsab zak kriminèl ki fèt nan peyi a.
Machin lan mò a ap kontinye kous li. Yè swa, se konpatriyòt nou, Eric Jean Baptiste li frape ak tout ajan sekirite l. Kondoleyans a fanmi, zanmi ak RDNP. Sitiyasyon malouk sa a paka kontinye. Peyi a p ap dirije. Ijans jodi a se yon plan sekirite nasyonal ak dirijan responsab.
Nou remèsye tout moun ki te patisipe nan video konferans pou prezante Konsèy Tranzisyon an. Nou pase yo mayèt la. A pati lendi, travay yo pral kòmanse ak tout aktè, gwoup òganize ki te prezante yon altènativ, pou akouche ansanm, Gouvènman Antant Nasyonal la. Tout peyi a ap tann!
28 oktòb se jounen lang kreyòl. Lang sa a soti nan nesesite pou esklav yo te ka pale youn ak lòt. Se li ki te pèmèt kominikasyon ki mennen zansèt yo nan endepandans. Se lang sa a esklav revòlte 22 dawout 2022 yo itilize, pou batay pou yon 2e endepandans: Endepandans Ekonomik lan!
2 NOUVO MANM KTPS Nan respè pou manman lwa peyi a, nou te anonse jodi jedi a, nan yon konferans de près, 2 chanjman: nouvo prezidan konsèy tranzisyon an, Dr Françoise St Vil Villier ak nouvo reprezantan Latibonit / Plato Santral Madam Netlande Pierre Dérius.
Nou pa nan ni konpwomi, ni konpwomisyon ak Ariel Henri. Pèp la pa bay pèsonn manda pou al negosye amnisti pou yon kriminèl ki mande fòs etranje èd pou kwape manifestan. Twòp militan mouri. Jodi a, pèp la pa bezwen avoka. Li pran desten l an men!
Nou kondane tantativ asasinay ki fèt sou jounalis Nouvelis ak Magik 9, Roberson Alphonse, madi 25 oktòb la. Nan aswè, yo jwenn kadav Gary Tess, jounalis Lebon fm nan okay. Nou voye kondoleyans bay fanmi li ak sektè près la. Sosyete a paka konte kadav ankò!
Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren an gen plizyè manda. Youn ladan yo, se rankontre tout gwoup politik ki te prezante yon altènativ, ak tyè sena a, nan yon demach pou monte ansanm, yon gouvènman antant nasyonal...prèv ke nou pran desten nou an men.
Nou te anonse yon altènativ pou ranplase Ariel Henri, ki echwe nan tèt peyi a. E byen, plan pou wete Ayiti nan tèt chaje l ye a, pou l kenbe souvrènte l, fyète l kòm tè libète...ap prezante nan yon konferans de près, dimanch 23 oktòb. "Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren" KTPS