Mwen pa sou tè libète a fizikman, men lespri m rete konekte ak chak fanmi ki viktim nan masak Kenskòf la. Nou ta ka evite gwo tribilasyon sa yo ki mete dlo nan je, si nou te gen yon Leta ki fò, dirijan ki gen karaktè ak volonte, pou pwoteje lavi ak byen chak sitwayen.
Domaj, dirijan de facto yo pa konn sa ki rele Leta, yo pa gen ni volonte ni vizyon òm Deta. Depi w gen patwon k ap dikte w sa pou w fè, ou p ap janm ka dirije Hayti kòm sa dwa. Toutotan se yon ti gwoup privilejye k ap byen mennen, pandan mas pèp la ap trennen nan mizè ak ensekirite, n ap toujou rete nan twou a.
Chimen delivrans lan se dechouke Didier ak tout kontra ilegal li yo, pou n enstale yon pouvwa bisefal ki kanpe sou diyite 1804 ak souvrènte Nasyon an. Depi w paka delivre, se dechouke w !
Nou lanse yon dènye apèl a sitwayen konsyan pou yon " FWON KOMEN NASYONAL " pou sove peyi nou.
FÒS NOU SE NAN LINYON !
docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSflBwVJKQ...
#ConsensusPolitiqueNational #OppositionProgressiste #KSD #CommissionSentinelleDessalines #FrontCommunNational @nouvelliste @cep_haiti @cep_haiti @RTVCHAITI @radiometropole @UKInHaiti
Thread
Nenhum Voo ainda