SOMÈ GHANA 17 - 19 Jen 2026 : HAYTI YON GRAN ABSAN. YON WONT DIPLOMATIK, YON ZAK TRAYIZON KONT LISTWA NOU!
Apre Hayti te fin vòte WÌ ansanm ak 123 peyi nan Nasyonzini nan dat 25 Mas 2026, pou n te deklare esklavaj krim kont limanite, gouvènman de fakto Alix Didier Fils-Aimé a chwazi trayi pwòp vòt ak angajman sakre peyi a, lè yo kite chèz Hayti a vid nan gwo Somè Accra a (Ghana) kote plis pase 80 peyi ap deside plan aksyon pou fòse peyi kolonyal yo peye reparasyon !
WI ABSANS PREMYE REPIBLIK NWA NAN MOND LAN TE CHOKE ÒGANIZATÈ YO !
Yon krim kont nanm Nasyon an !
Pandan Fils Aimé ap likide resous natirèl peyi a, an kachèt nan Pòtoprens, pandan gouvènman an ap vwayaje san pran souf, yo chwazi vire do bay pi gwo inisyativ istorik kont enperyalis k ap dewoule an Afrik, jis pou pa kontrarye patwon yo ki te vote kont.
Ki donk, gouvènman defakto a swiv peyi rich yo ki te fè "abstention" nan New York paske yo pè peye reparasyon; gouvènman defakto a chwazi fè menm jwèt la nan boykote Somè Ghana a.
Kèlkeswa pouvwa ki tabli sou tè Libète a, li gen obligasyon pou l rete fidèl ak Listwa nou, ki se sèl richès imateryèl pèsonn pa ka vòlè nou.
Fòk Nasyon an sèmante devan Listwa pou li pa janm aksepte dirijan ki pa gen dimansyon istorik, paske Listwa nou se bousòl nou !
@SDesras @plpatrick12 @moisegarcon @JonasCoffy @JDMahama @Graphicgh @TheGhanaWeb @JoyFmNews
Thread
Nenhum Voo ainda