7JIYÈ 2021 – 7 JIYÈ 2026
5ᵉ ANE ASASINA PREZIDAN Jovenel Moïse : PITIT DESSALINES AP KONTINYE REKLAME YON VERITAB JISTIS SOUVREN !
Jodi 7 jiyè 2026, sa fè egzakteman 5 lane depi yon konplo entènasyonal, avèk konplisite kriminèl lokal, te antre lakay Prezidan an fonksyon, Jovenel Moïse, pou asasinen li yon fason lach anndan chanm li. Zak sa a te blese diyite Nasyon an epi li plonje peyi a nan gwo toubiyon ensekirite ak destabilizasyon enstitisyonèl sosyete a ap sibi jouk jounen jodi a.
Pandan 5 lane sa yo, jistis la rete yon gwo kesyon san repons, paske sistèm jidisyè a fèb, epi gouvènman restavèk yo kontinye toufe verite a pou pwoteje mèt yo.
Nan non #PititDessalines, mwen vle raple tout moun: pa ka gen okenn estabilite dirab si pa gen yon veritab jistis total ak limyè ki fèt sou gwo krim deta sa a
Antanke lidè, nou deklare:
Yon vrè lidè goumen pou jistis ak diyite pèp li; li pa janm sèvi ak asasina kòm yon mwayen pou mennen batay li. Lè yon moun touye pou fòse yon koz pase, li sispann yon liberatè pou l vin tounen yon kriminèl.
Pandan n ap salye memwa Prezidan Jovenel Moïse ansanm ak fanmi li jodi a, nou reyafime se sèlman lè yo respekte epi aplike Atik 149 Konstitisyon an, mete sou pye yon Egzekitif bisefal, aplike Plan Estratejik Sekirite Nasyonal (PSSN), epi òganize Konferans Nasyonal Souvren an, n ap kapab rebati yon Leta fò ki garanti sekirite, jistis ak respè pou dwa tout sitwayen.
Pa gen estabilite san jistis!
Respè pou memwa Nasyon an !
Thread
Nenhum Voo ainda