Thread

NÒT SOLIDARITE AK KONDOLEYANS : PITIT DESSALINES KONDANE ENSANDI LAKAY DR SMITH MAGNY A ! Nou aprann avèk anpil kòlè nouvèl gwo ensandi kriminèl ki pase nan rezidans prive Dr Smith Magny, nan nwit 1ye Jiyè 2026 la. Dr Magny se yon konbatan k ap batay pou yon Tranzisyon koupe fache ak ensekirite jeneralize a. "Rien ne peut justifier la violence comme instrument d'intimidation politique dans une société démocratique" . Zak lach sa a montre yon lòt fwa ankò ijans pou n pwoteje kad, sèvo ak jenès peyi a. Dr Smith Magny se yon espesyalis nan koze Defans ak Sekirite Nasyonal, yon resous Hayti bezwen pou aplikasyon Plan Estratejik Sekirite Nasyonal (PSSN) la, pou retire peyi a nan tchouboum. Nan non #PititDessalines ak #konsansis la, mwen voye solidarite m bay Dr Smith Magny, fanmi l, ak tout manm pati Fòs Pa Nou. Batay pou yon lòt Hayti k ap mache ak konpetans, merit ak angajman p ap kanpe! Seule la Lutte libère ! #Hayti #Solidarite #Kondoleyans #PititDessalines @DrSmithMagny#PlanSekiriteNasyonal #PSSN

Nenhum Voo ainda