Thread

Mwen pa sou tè Libète a, men mwen prezan nan lespri m. M ap suiv aktyalite a, kote yon van lespwa kòmanse soufle. Jodi a, Hayti bezwen solidarite lemond. Se poutèt sa Pitit Dessalines salye solidarite peyi Salvador, ki vin pote kontribisyon li nan batay kont ensekirite jeneralize k ap ravaje peyi nou. Se lespri solidarite sa a Dessalines te konn defann toupatou. Se nan menm lespri sa a Salvador vini, san enjerans, avèk respè pou souvrènte nou, dwa moun ak dwa fondamantal chak sitwayen pou viv an sekirite. Hayti pa poukont li ! Hayti p ap peri ! @PresidenciaSV @Gobierno_SV @SeguridadSV @nayibbukele

Nenhum Voo ainda