PITIT DESSALINES NAN MOSKOU : YON NOUVO PA NAN ANGAJMAN DIPLOMATIK NOU !
N ap fè peyi a konnen nou resevwa yon envitasyon pou patisipe nan Asanble Jeneral mouvman entènasyonal « Pou Libète Nasyon yo », k ap dewoule nan Moskou.
Apre yon long vwayaj ki te dire plizyè èdtan, avèk plizyè eskal nan Amerik Latin, nou rive Moskou pou pote vwa pèp haysyen an.
Objektif rankont sa a se ranfòse lyen solidarite ak koperasyon ant fòs politik ki soti ann Afrik, ann Ewòp, ann Ewazi, ann Amerik Latin ak nan Karayib la, epi devlope bon jan koperasyon ant peyi Sid yo.
Nan dat istorik nou 18 novanm, nan lang kreyòl, lang Libète a, n ap poze yon kesyon fondamantal: « Èske Nasyonzini reyisi ranpli misyon li, ki se bati yon mond ki pi jis, pi solidè, pi an sekirite epi ki chita sou verite ? »
Thread
Nenhum Voo ainda